Feminisme: Tendance qui divise la famille
Escrito por Hey Magazine   
Domingo, 23 de Octubre de 2011 15:34
mujer

Le feminisme est la Doctrine favorable à l'égalité des sexes, men sanble gen anpil fanm ki mal entèprete l pou pwofite fè vanjans, ak vagabondaj yo epi maltrete gason tou. C'est le cas de certaines organisations a but non lucratif k'ap fè pwomosyon pou tandans sa ka avanse nan yon peyi frajil tankou Ayiti.Kote nivo ignorance lan wo anpil.Edikasyon trè limite sa vle di se pa tout fanm ki gen kapasite pou konprann

vre sak dwe fèt ou sak pa dwe fèt. Lè tandans sa aplike se timoun yo ki soufri, divòs, separasyon, goumen, gen fanm ki pa janm jwenn yon lòt mari ankò, kote yo menm tonbe nan pran mari lòt fanm ki vi n konplike bagay la plis. Eske fanm ak gason se lènmi ? yo vle divize mond lan nan chache enterè pèsonèl yo, epi fè mou n tèt fèb peye konsekans. Nou pa dakò ak okenn gason k'ap maltrete fanm, wi devan la lwa nou egal ego men non plis se pa konsa.

Gade yon ti fèy yon òganizasyon mete deyò. Sou patipri ki pa ekilibre 2 sexes yo vre

Move Kwayans sou zafè vyolans ant fanm ak gason.

Move tretman yo repete souvan

Yo kwe ke sa pa ta dwe nou. Chak ane yo asasinen plis pase 3 milyon fanm toupatou sou latè

Yo toujou di ke lè yo maltrete yon fanm yo toujou akize l te fè yon bagay, agresè a toujou vle jistifye zak la.

Pa gen okenn zak ki dwe jistifye vyolans.

Yo di ke fanm ki maltrete yo se toujou lakoz pwoblèm kilti, edikasyon oubyen ekonomik

Vyolans ant fanm ak gason afekte tout kalite fanm, ki pa gen pou wè ak kondisyon l

Lè yon fanm di non: aksepte l, No se No

Yo kwe ke si yon fanm pa kraze yon relasyon ki gen vyolans, se paske l pa vle. Li pè oubyen pwoblèm ekonomik ka paralize desizyon l.

Yo toujou di: Gason k'ap maltrete fanm yo fou? yo fimen dwòg oubyen yo bwè tafya? Nou asire yo pa malad mantal. Paske pafwa deyò, yo pa konsa.

2- Sonje

Se pa fòt ou.

Ou vo plis, epi ou pi fò tou ke sa ou kwe a

Fèmen je ou pa vle di ke pwoblèm nan disparèt

Li pap chanje menm si lanmou ou ta vrèman fò, non plis pou pwomès li ta fè ou.

Ou pa dwe sipòte poutèt lavni timoun yo, yo menm tou yo soufri.

Ou pa pou kont ou, bagay sa yo pase anpil lòt fanm.

Gen fason pou ou kite sa menm si ou poko wè kouman ou pral soti

Lè ou bay vag ak yon relasyon ki gen vyolans

Pa pè anyen, ni panse ak danje

Chache jwenn ekilib ak sante

Dispoze kò ou tan ou, ak dezi ou

Rejwenn fanmi ou epi reyini ak zanmi ou yo

Kwè nan pwòp tèt ou

Sonje ke ou lib epi ou endepandan

Si ou renmen m

Pa rele sou mwen

Pa joure m

Pa bat mwen

Pa inyore m

Pa vyole m

Pa touye m

O upa bezwen renmen m anpil, sèlman

Renmen m byen.

Solisyon an nan men nou tout moun.

Gason tankou fanm pa gade lòt kote.

Gason yo pa fè vyolans sou fanm paske yo gwo, mens, wo, kout, lisansye oubyen analfabèt, sinon yo fè agresyon an paske se fanm.

Vyolans ant gason ak fanm se:

¨Tout zak vyolans ki baze yo nan apatenans sèks feminen ki genyen oubyen ki ka genyen kòm rezilta deranjman oswa soufrans fizik, seksyèl, sikolojik pou fanm. Anplis menas tankou rann lavi yon fanm prive. Selon atik 1 nan deklarasyon sou eliminasyon vyolans kont fanm. Nasyon zini.

Definitivman reyaji kont fanm sèlman paske l se fanm, se vyolans epi tou lè:

Yo anpeche l travay oubyen etidye

Li pa parèt envizib nan itilizasyon langaj ant maskilen ak feminen.

Y'ap trete l tankou objè nan chante ak piblisite

Yo enpoze l yon modèl kòm bèlte

Yo fè l pè soti sèl nan lari

Yo pa rekonèt sa l fè nan kay la

Yo peye l mwens lajan nan travay li paske l se fanm

Yo egzije l akonpli ak sèvis lòt moun, anvan pwòp tèt pa l

Ase Vyolans tankou

Fizik: Lè n itilize fòs ak entansyon pou n fè abi, bat, blese, boule.

Sikolojik: Atanta kont diyite, emosyonèl, entegrite, menas, jouman, imilyasyon, enkli kontwòl espas Seksyel: Nenpot aksyon seksyel fose san konsantman Ekonomik: Le yo prive dwa yon fanm de byen l oubyen lajan Sosyal: Le y´ap fe blag sou fanm Move abitid, move komante sou fanm

Sik vyolans

1 – Diskisyon 2 – Goumen 3- Repantans

Agresè a

Itilize vyolans pou kontwole fanm Manipile l emosyonèlman Li pase tèt li kò m viktim epi l bay fanm nan pote chay la Chanje tanperaman fasil, yon lè l anraje, yon lòt lè li janti Jalouzi san rezon Epi bezwen gen kontwol tout bagay

Última actualización el Domingo, 23 de Octubre de 2011 15:59
 

Escribir un comentario


Código de seguridad
Refescar

Español

Imagen
Daño que hacen los tatuajes
A veces los instrumentos usados no estan limpios o estan infectados y puedes tener reacciones alergicas o que se te infecte. - La segunda consiste, en que si te enfermas de alguna... Leer más...
Imagen
Francisco Dominguez Brito: “Hijos de migrantes son Dominicanos”
Afirma que son dominicanos, que el tema no es migratorio, y pide acabar con la burocracia.El procurador General de la República, Francisco Domínguez Brito, afirmó ayer que los... Leer más...
Imagen
Daddy Yankee, última víctima de rumores sobre homosexualidad en las redes
Daddy Yankee, el autoproclamado "jefe" del reguetón, se ha convertido en una de las últimas víctimas de los rumores sobre homosexualidad que de vez en cuando sacuden a artistas... Leer más...
Imagen
Psy lanza nuevo video clip y"Estuvo en Havard"
El astro sudcoreano Psy visitó la Universidad de Harvard y fue recibido por cientos de estudiantes que gritaban a su paso antes de que el intérprete de "Gangnam Style" diera un... Leer más...
Imagen
Rihanna debuta como diseñadora en Londres
La cantante Rihanna presentó anoche una colección de ropa femenina entallada y sensual en la Semana de la Moda de Londres, en la que mostró sus propuestas para la próxima... Leer más...

Muro de Honor

  • Gary Victor: Ecrivain Haitien
  • Lyonel Trouillot: Ecrivain Haitien
  • Dany Laferrière: Ecrivain Canado Haitien
  • Franck Etienne: Poète et Peintre Haitien

By DADLLSUK payday loans

Aprende Creol

Banner

Mur d'Honneur

  • John Steve Brunache: Chanteur immortel Haitien
  • Padre Mario Serrano Sacerdote y Activista
  • Sonia Pierre Defensora de los derechos Humanos (Fallecida)
  • Padre Regino Martinez: Sacerdote y defensor de los derechos Humanos

By DADLLSUK payday loans

Visites / Visitas

mod_vvisit_countermod_vvisit_countermod_vvisit_countermod_vvisit_countermod_vvisit_countermod_vvisit_countermod_vvisit_countermod_vvisit_countermod_vvisit_counter
mod_vvisit_counterHoy837
mod_vvisit_counterAyer753
mod_vvisit_counterEsta Semana1590
mod_vvisit_counterUltima Semana6647
mod_vvisit_counterEn el mes20466
mod_vvisit_counterUltimo Mes44793
mod_vvisit_counterTotal586143

Hoy es: May 21, 2013